1. Home /
  2. Businesses /
  3. Alyans Kreyòl


Category

General Information

Phone: +1 514-823-0865



Likes: 595

Reviews

Add review



Facebook Blog

Alyans Kreyòl 13.10.2021

Siy ponktiyasyon : pou ki se pa " siy matche " ? Depi kèk tan, doktè, pwofesè epi kreyolis Hugues Saint-Fort ape pibliye yon seri refleksyon, sou paj Facebook ...li, pou li ride yon bon pòsyon moun konnen dekiprevyen rasin lanng ayisyen an ak fason pou yo sa pi byen ekri li. Dènye tèks li sou sa genyen twa jou. Se yon bèl refleksyon li fè pou li eseye konprann sa k ape pase lakay ekritè sa yo sou FB, ki pa respekte " fenomèn ponktiyasyon " an, jan li rele li a. Se yon bèl demach, non sèlman mwen twouve ki enpòtan, men tou ki nesesè nan evolisyon ekriti lanng nasyonal nou an k ape devlope pi plis chak jou ki jou. Apre li fini poze yon seri kesyon sou atitid moun sa yo, dòk la site non kat peyi, tankou : Etazini, Kanada, Lafrans, Ayiti, kote " kanmanmarad " sa yo te aprann li swa an franse, swa an kreyòl, swa an angle, pou li ajoute : " ... si se nan tou twa lang sa yo, yo ta sipoze aprann itilize siy ponktiyasyon. Donk, pou ki sa majorite kanmarad sa yo gen pwoblèm avèk siy ponktiyasyon ? ". Menm si laplipa lanng modèn yo sèvi jeneralman ak prèske menm siy sa yo, sa mwen si epi mwen sèten, dapre sa laplipa espesyalis avanse, diferan aspè sosyal, kiltirèl, emosyonèl, elatriye, fè yo yonn pa itilize yo menm jan, menm kote. Mwen konnen ou konnen sa pase mwen, tout lanng yo pa respire menm jan. Aksan moun yo ak ritm yo pale. Nivo langaj yo, nan ton yo anplwaye... E se jisteman patikilyarite sa yo menm ki fè ladiferans, epi ki penmèt nou kapab rekonèt chak gwoup moun ak chak endividi, nivo edikasyon yo chak, kèlkilanswa kote yo soti jewografikman. Kòm nou konnen lekriti se yon mekanik envante, yon konvansyon. Menm si lanng franse, espanyòl, pòtigè, italien soti nan lanng franse, lenguis bouskadò lanng sa yo rive kreye yon mekanis pou yo kreye mo, men tou fason ou kouman pou siy sa yo koresponn ak imajinè kiltirèl popilasyon pa yo. Alòs, konsa, lè mwen fini li refleksyon ki avanse yo, san mwen pa vle antre nan twòp detay ki pa nan konpetans mwen, mwen anvi poze de, twa ti kesyon sa yo. Annou di sis pito : 1) Eske se ak ayisyen kreyolopa yo l ape pale, oubyen eske se ak moun ki aprann ekri an anglè, an franse yo ? 2) Se ki sans li panse mo siy : "ponktiyasyon, dentèwogasyon, desklamasyon, sispansyon, parantèz, gimè", elatriye, genyen nan imajinè yon kreyolopal ayisyen ? 3) Piske majorite mo nan vokabilè lanng ayisyen soti nan lanng franse, eske sa vle di lanng nasyonal nou an kondane vitametènam pou li rete sou lobedyans lanng franse pou sa? 4) Se kouman, nan ki kondisyon lanng ayisyen an chwazi prete mo nan yon lòt lanng ? 5) Se ki etid ki fèt sou sa ? Ki rezilta ? Ki referans ? 6) Epi, pou fini, pou ki nou pa rele siy sa yo siy matche*/pwenmatche ala plas " signes de ponctuation " franse a ? *matche : espresyon moun matinik, gwadloup pou make, ekri. Manno Ejèn 12 oktòb 2021

Alyans Kreyòl 04.10.2021

Sistèm òtograf ayisyen an. Òtograf ayisyen an se pa lèt li reprezante, men se son ki ekziste nan lanng lan. Sa ki vle di, piske se son yo ye, yo genyen menm valè kèkanswa kote yo ye a. ... Yo pa chanje pwononsyasyon, ni nonplis yonn pa sa pran plas lòt.

Alyans Kreyòl 16.09.2021

Fèy la ouvri tou blanch devan mwen yon laviwonn dede pran leve nan mitan li tankou yon souvnans byennere nou dòlote ... yon abitid nou konnen nou konnen an yon woutin k ape pran fòm kò li lanavèt yon tan ki marande nou an laviwonndede k ap enstale yon lespwa foulaye an twa degout n ape prita an dènye degout n ape tòtòt jouk nan gôjèt souvnans pou premye fwa nou te kontre epi kon sa zye nou ala vole te kwaze yo istwa an fòm lèt an fòm son maji fonolojik nou lonnen mezirèt fonetik an fòm powèm piwèt fèy vandoule ki depoze mayi lò twa fwa pase la nou lage lawo lawo tankou yon lomeyans yon lawonesans ansanm n ape selebre Manno Ejèn 5 oktòb 2021

Alyans Kreyòl 05.09.2021

M vin tou fòs van bri rèl restavèk makònen nan chive m tout rès rèl moun tout rèl toutrèl psikedelik m vin mèt dlo nan rale mennen vini ... de je w m gwo gwo gwo gwo vag nan bras van m vin antravè atravè kat kalfou de twa bout rasin an nèg zilekzile zile izole zile-lakansyèl Ife Ifa anvi fè antòtye nan kòd lonbrik an mwen s anmwe san k ap koule s anmwe san n k ap wouke sann an mwe k ap woukoukoule sann kadav rès moun san repozwa remò gwo gwo gwo anndan kràn tèt mò nan kèn limanite n gonfle kou kadav ka grav douvan lo nanm akwe nan choukèt waf lanmò lanmè antòtye woukoukou n jouk basen Karayib... #Hoïs Vye Ewol

Alyans Kreyòl 17.08.2021

Kanaval Koudjay

Alyans Kreyòl 12.08.2021

Rekèy nouvèl YON LEJANN YO RELE MÈT JONAS

Alyans Kreyòl 23.07.2021

TCHAK-ART 3 OCTUBRE 2021. MWA OKTÒB SE MWA LANG KREYÒL AYISYEN. SOSYETE KOUKOUY KONNEN SA.

Alyans Kreyòl 10.07.2021

Pou yon kreyolizay!!!

Alyans Kreyòl 20.06.2021

```Lyonel Trouillot, Envite donè 3èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl``` *1e rive 5 desanm 2021* _Majòjon Vandredi Literè (VL) ak Atelye Jedi Swa (AJS), Lyonel Trouillot s on gwo obsèvatè devlòpman literati kreyòl ayisyen an. Nan lane 2018, nan yon entèvyou li bay womansye Emmelie Prophète pou jounal Le Nouvelliste, li deklare la poésie créole, vraie zone de vitalité de la littérature haïtienne (pwezi kreyòl la se kote literati ayisyen an pi vivan)._... Avèk VL ak AJS, pa gen dout otè Ra gagann nan pote yon kontribisyon ak yon enfliyans konsiderab sou bèl rekòt pwezi (rekèy / otè) k ap fleri jounen jodi a nan literati kreyòl ayisyen an. Womansye, powèt, Lyonel Trouillot te prezidan Asosyasyon Ekriven Karayib (Association des écrivains de la Caraïbe). Nan lang kreyòl, grandèt la pibliye Agase Lesperans (woman), Depale (pwezi) nan tètkole ak Pierre Richard Narcisse), zanj nan dlo (pwezi), Ra gagann (pwezi), Pwomès (pwezi). Anthologie bilingue de la poésie créole haïtienne de 1986 à nos jours (Acte Sud / Atelier Jeudi Soir) pibliye sou Direksyon l. Li ekri anpil tèks pou mizik tou. Manno Charlemagne, Jean Coulanges, Atis endepandan, Toto Bissainthe chante anpil nan yo. Lyonel Trouillot fèt Pòtoprens 31 desanm 1965. * KOMINIKASYON FESTIVAL ENTÈNASYONAL LITERATI KREYÒL* https://www.facebook.com/365344850773928/posts/897597424215332/?sfnsn=mo

Alyans Kreyòl 12.06.2021

Anplis 4 prensip de baz pou ekri kreyòl ayisyen ke lengwis Michel DeGraff rezime kon sa: 1. chak lèt rete nan wòl yo; 2. chak son ekri menm jan; 3. nanpwen lèt ...ki bèbè; 4. chak lèt yon sèl son, genyen omwen 2 pwoblèm fondamantal ke lokitè ayisyen yo rankontre lè y ap ekri an kreyòl. Premye pwoblèm fondamantal la se ki jan pou yo separe son ke yo pwononse pou fè yo tounen mo, oswa inite leksikal. Dezyèm pwoblèm fondamantal la se sèvi ak siy ponktiyasyon anndan yon fraz. An n pran premye an: ki jan pou yo separe son pou fè yo tounen mo. Toudabò, ki sa yon mo ye? Ki lè nou ka pale de yon "mo"? Nan sans ki pi tradisyonèl la, ki pi senp lan, yon "mo" se inite ki pi piti ki fè pati yon fraz epi ki plase ant 2 espas blan. Lengwis yo toujou fè yon distenksyon ant yon "mo" ak yon "mòfèm" (an franse: "morphème"; ann angle: "morpheme"). Yon mòfèm se pi piti segman ki egziste nan yon lang epi ki gen yon siyifikasyon. Yon mòfèm pi piti pase yon mo. Nan lang kreyòl, "vòlè" fòme avèk yon mo ki se "vòl", epi yon mòfèm ki se "è". Nan lang angle, mo "distasteful" fòme ak 3 mòfèm ki se : dis, taste, ak ful. Nan lang franse, yon mo tankou "chanterait" fòme avèk mo (mòfèm leksikal) "chant" epi mòfèm gramatikal "erait". Lengwis yo toujou distenge 2 kalte mòfèm. Genyen mòfèm ki lib epi mòfèm ki mare. Nan mo kreyòl "vòlè", "vòl" se yon mòfèm lib, men "è" se yon mòfèm ki mare. Sa vle di li dwe mache ak yon mòfèm ki lib. M ap kontinye rès atik la, nan yon pwochen rale. See more

Alyans Kreyòl 20.03.2021

Pòtoprens lanmò mache toutouni pou bay Mèt Minwi jòf men bwa rèd la se pou kretyen vivan l rete... Pòtoprens, kafou remèt demisyon paske l pa ka sipòte ranvòy ankò vil la koupe fache ak lavi vil la santi kadav Pòtoprens timoun yo pa gen je sou yo tou vivan yo rantre nan gran simityè y al kache paske yo pè lavi timoun yo pè viv isit Pòtoprens zetwal zanfan yo file gwo midi ri lantèman plen akrake Bawon sivoke li fè kwòk mò gwo malonèt li di gran simityè pa t fèt pou tout vivan sa yo Pòtoprens, m p ap di lesyèl mèsi kenpòt si l ta fè m kado yon zetwal paske se nanm timoun yo se pou bondye pote chay lanmò yo tout _Pòtoprens, 12 Mas 2021_ *Ansky Hilaire* Otè Lakou Zandò

Alyans Kreyòl 02.03.2021

Just in: #DataPowetik

Alyans Kreyòl 23.02.2021

Fanm, flanm dodomeya k ape balize, ou toujou la avèk nou. Nan mitan nou, plas ou toujou cho, plen djandjan dore, payèt miltikolò. Fanm vanyan, batayè pou moun kapab moun. Liminasyon flanbwayan pou lavi kapab viv. Deplasman wou se kous kouri solèy levan, solèy kouchan, plas ou pa janm vid. ... Ou se lavandyè k ape lave syèl ble pou bajoukase, douvanjou pi djanm, pi djougan. Mizikasyon vwa wou nan santye k ape desann mòn, pote machandiz l ape chante. Se sèlman van, lapli avèk pousyè ki konnen sekrè tout soukous vwayajman ou sou do kamyon pou chòche pa fòlòp lavi tchovi yo. Pourtan, malgre tou, atè a pa janm twò mouye pou wou mete lanjelis kouche. Dodo titit, chat nan kalalou. Manno Ejèn 8 fevriye 2021

Alyans Kreyòl 18.01.2021

" Yon moun y ap oprime men ki pa deside batay pou li soti tèt li nan eta sa konnen l ap oprime lòt moun. " KEB

Alyans Kreyòl 15.01.2021

REK pwofite okazyon pou li swete manm li yo, ansanm avèk patizan, sipòtè li yo yon bèl larezone pou yon joudlan rekonsilyasyon toutotou yon bèl bòl soup tou cho k ape vapore pataj, ak fraternité yon pèp ki rekonsilye avèk zansèt yo, avèk tèt li.

Alyans Kreyòl 05.01.2021

Lanmou ki pi bèl la se lè li genyen istwa pou rakonte Nou se flerizman prentan San twaze rega nou te kwaze Jodi a planmen wou nan planmen mwen n ape goute mevilis sezon donezon... Manno Ejèn

Alyans Kreyòl 16.12.2020

https://youtu.be/NicCFTu6doM

Alyans Kreyòl 01.12.2020

Ekzakteman jodi a Jodijou a mwen leve avèk yon bajoukase ki twò lou pou planmen mwen. Yon solèy pwasenkant an pèdisyon mare nan pye mwen, pye pou pye k ap rapousuiv mwen . ... Manou anmwen, chay la twòp pou planmen mwen. Powèt pa pote ni pòslèn, ni fayans. Twamil sisan jou byen konte, byen kalkile, avèk lannuit kòm kavalye pòlka an diplis. Tankou yon vye mazi an farinay, yon bann ti goutlèt finfin, tou frèt k ape soupoude mwen. Pelerinay yon jounen mwatye maten, mwatye lannuit k ape trennen bòs nan do, bòs sou kote mwen. Yon vye sant woulibè k ape rapousuiv mwen san rete. Anvan nou te separe a, wou te aprann mwen ekri sansiblite mwen sou fèy lalwa. Kòmkidire goute yon powèm absent, bri yon silans k ape foulaye tande mwen depi lè nou te separe a. Sa fè twamil sisan jou avèk lannuit lan kòm kavalye pòlka an diplis. Jan wou wè li a, depi tan wou konnen an, nou konnen an, k ape plede detire kò li a. Jan mwen kapab, m ap eseye respekte pawòl wou te sekwe nan bouch wou, san parantèz wou te krache nan figi mwen an. Nou pre, nou lwen tankou yon tan pèdi, san plezi, san lantouray. Sof, mwen ta byen renmen fèmen tout parantèz, tout gimè k ape baye alakelele yo. Men vwala, nou nan twazyèm dimansyon laj nou. Nan degre mòde soufle, solitid fè pi mal pase mak dan bourik k ape ranni nan savann. Tande, vokabilè powèm nan rechiya. Dòlotay tan ki rete nou an, se dènye bras fredite a wi. Dènye travès sezon ki pi trankil la wi l ape chache. Nou pa mande anpil, ni nou pa atann pi plis pase sa. Jis fre laktojèn fui ki mi sou pye a. Sant mango toufe nan galata a k ape monte wi. Yon konprès twazòmfò sou fron mwen, m ape tann. M ape tann dènye katye lalin nan. Jis anvan dènye vag la. Ase pou fè dènye travèse a. Manno Ejèn 20 desanm 2020 Ezakteman

Alyans Kreyòl 27.11.2020

GRENNSENK, yon Pretèks pou montre * Bèlte Lavi nan Chwazi REZISTE, GOUMEN pou Peyi w. * Doulè Chwa sa a pote. Pou Sila yo ki Chwazi Lagòch la. * Imanite ak L...imit NOU * E anplis, REZON pou moun REVÒLTE. TOUTAN. * AK ETIK ! AK TÈT NOU KÒM MOUN ! rodolphe mathurin ( Sonson).