1. Home /
  2. Other /
  3. Fondation Avenir de notre Amitié


Category

General Information

Phone: +1 438-922-8590



Likes: 503

Reviews

Add review



Facebook Blog

Fondation Avenir de notre Amitié 01.05.2021

YON MINIT KONSYANS Ou jèn, ou apèn ap fleri, ou gen 19 an, ou te dwe fini etid klasik deja, malerezman ... ou anreta lekòl. Ou bèl, ou grandi nan yon fanmi ki kenbe w di, yo pa vle ou fè nenpòt betiz. Akoz telefòn ou gen nan men w, ou wè kijan tout tijèn parèy ou ap mobilize pou 24 ak 31 desanm, yap chanje look, yap mete stati, yap planifye fèt, yap bay cho. Se apati de la ou vin gen anvi antre, nan yon mond ou pa konnen, tout dezi w se sòti ak yon tinèg jou 24 desanm lan wè pa wè. Se sa ki fè ou kouri reponn Franklin renmen, yon ti nèg kap plede mete frechè sou facebook, poutan Jocelyn gen 3 zan ap koze avèk ou nan legliz la, men ou prefere Franklin paske li toujou ap poste foto kote li nan plaj, nan bar ets... donk se li ka ofri w sa w bezwen an. Nou gentan nan desanm, pa gen tan pou pale anpil ak nouvo mennaj la, se jis planifye epi gaz, men pwoblèm nan se ke paran w pap kite w sòti, lèfini ou pa gen rad ki ka ale nan club. Men ou rezoud sa byen vit, ou gentan wè strateji ou pral itilze pou w drible paran w epi mother fucker ba w 400 dola pou w fè frechòp epi ou te gen 300 dola pa w deja. Ou al achte san pèsòn pa konnen. Rad ou la, wap reve jou a, wap pale ak lòt limenna ki konn ba w chalè ak konsèy pou libere tèt ou yo. GRAN JOU 24 DESANM LAN RIVEEEE Ou fè tout travay, kè tout moun lakay kontan, wòb ou repase byen swa, frè w yo pral bwè krèm ak paran w channmas. A 8 TÈ NAN ASWÈ Ou mete gwo wòb ou, ou fè paran w kwè ou pral nan mès legliz, ou chanje pakou, ou al kache nan yon kwen ou retire gwo moumou an, ou mete yon pantalon san fouk, kòsaj anlè lonbrik ou, valiz ou tankou yon stidyo, gen poud, fa, glòs, ou santi w mare, men ou fyè. Finalman ou al jwenn ti blòdè a kote nou te planifye a. Ou kontan wè bae, li menm tou, nou trè chik, li gentan ba w yon ti tap, - chyetttt! Bouda madanm mwen mateee hmmmmm, ou kòmanse? Nou bwè krèm, nou manje babekyou, li fimen, ou bwè byè, nou pase nan yon club nou danse tout nouvo hit yo, ou alèz tankou ou se yon orijinal badgyal, ou collll, ou sou sa, ou menm ap fè skandal paske ou kòmanse sou. Fatig fè nou pran yon ti repo a minwi sou yon plas piblik e se depi laaaa ou kòmanse pran dwèt pou jistan li mennen w nan ti otèl 100 dola li te peye pou yon moman. Vakabon an ki te prepare ak anpil timilans sesyèl, li te sezi wè mizè li pase pou li devyeje w epi fè w wè tout koulè paske li sovaj. Matla gate ak san, men se pa pwoblèm pa w paske nou peye pou sa. A 2 zè 35 LI DI W : lady, mwen lage pye m wi. Li ale san di w orevwa, alevwa pou li ta mete w nan wout. Ou retounen lakay ou - ak kè kase - enkyetid - bòbòt fè mal - cheve gaye - rad chifonnen Ou pase anpil mizè pou w di paran w ki kote ou te ye, men ou bon sou yo kanmenm. Selon ou menm ou te byen fete, men ane a pot ko fini pou w te kòmanse santi gwo fyèv paske yo pran vijinite w mal. Ou geri byen vit, men sa rive ou pa janm tande bae, sanble li pat gen plan pou ou pou 31 desanm. Janvye ki se mwa kalmi, ou repran wout lekòl epi ou reyalize se mennaj yon jou, se mennaj yon okazyon ou te genyen an. APRÈ 90 JOU Pi gwo pwoblèm nan se ke remèd zanmi w yo ba ou yo pa bon, pitit la pa vle tonbe epi ou poko ka di moun lakay ou ou ansent. Yon zanmi konseye w pou w di sa avan li twò ta, men ou pè paske ou pap ka bay mèt zak la. Kounya ou kontinye nan bay ti manti paske wap vomi souvan epi ou toujou santi yon malèz. Ou rizèz machè paske ou kontinye ale lekòl epi wap di papa w se preparasyon egzamen ki fè figi w ale konsa. Manman w endispoze, papa w kriye, gran frè w la ba w gwo kou lè yo aprann nouvèl la, men kòman yo fè tann tout tan sa pou yo te dekouvri w??? Lollllll, aprè 25 jou ou akouche vre chère??? Ou rate bakaloreya, Ou fè yon pitit san papa, Ou pèdi respè paran w, Zanmi lekòl ou ap pouswiv rèv yo Sak pi rèd la ni ou ni bb a gen jèm sida nan san nou jis pou yon nwit plezi. KONSÈY : Pito nou pèdi yon jou nan lavi nou pase nou pèdi lavi nou nan yon jou. LESON MORAL : Pa fòse fè bagay ki pa sanble w epi ki ka detwi avni w. REMAK : Gen moun ki la sèlman pou jwi nou ak ba nou move konsèy, men lè gen danje yo disparèt DEMAND : Pataje mesaj sa pou w ka sove avni yon jèn parèy ou ki gen foli, kap prepare pou pran gwo risk. LIKE PAGE LA www.facebook.com/JherryHaiti/

Fondation Avenir de notre Amitié 19.04.2021

Voilà ce qui est l'homme

Fondation Avenir de notre Amitié 03.04.2021

Map live 24 décembre pou n pale 24/24

Fondation Avenir de notre Amitié 23.03.2021

Il y a bien longtemps, dans le règne des animaux, un mouton passait et a vu un lion pleurer à l'intérieur d'une cage. Le lion supplia le mouton de le sauver, en lui promettant de ne pas le dévorer par la suite. Mais, celui-ci, très méfiant, refusa. Après maintes supplications du lion, le mouton finit par lui ouvrir la cage. Mais, le lion, une fois libéré et ayant trop faim, se jeta sur le mouton pour le dévorer. Le mouton lui rappela, en vain, sa promesse.... Ils étaient là, en train de se disputer, quand d'autres animaux, de passage dans la zone, ont cherché à savoir ce qui était à l'origine du litige. Le lion et le mouton ont, chacun, raconté sa version des faits. Mais, tous les animaux, ayant peur du lion et soucieux de gagner des faveurs auprès de lui, ont pris parti pour lui, à l'exception de la tortue, qui a prétendu ne pas comprendre le scénario dans son ensemble. C'est ainsi que, la tortue a demandé au lion de leur montrer l'endroit où il était, quand le mouton l'a sauvé. Le lion pointa, du doigt, la cage. La tortue lui demanda _s'il était à l'intérieur ou à l'extérieur lorsque le mouton est arrivé_ . Le lion répondit qu'il était à l'intérieur. La tortue dit " _Ok. entre de nouveau dans la cage et laisse voir à quel point il pourrait être difficile de vivre à l'intérieur"._ Le lion entra et la tortue l'enferma à l'intérieur. Étonnés, les autres animaux ont demandé à la tortue _Mais, POURQUOI as-tu fait ça ?_ Et, à la tortue de leur répondre: *"Si nous lui permettons de manger le mouton aujourd'hui, il aura encore faim demain. Et, nous ne savons pas qui d'entre nous sera le prochain, à être mangé demain."* *Moralité* : _Ne soutenez jamais le mal ou l'injustice, de quelque manière que ce soit, juste parce que vous n'êtes pas, directement, concerné aujourd'hui. Car, demain, ça pourrait être votre tour de subir le même mal ou la même injustice._

Fondation Avenir de notre Amitié 19.03.2021

Yon Haïtien pa yon jwèt ann gade pou n wè