1. Home /
  2. Public figure /
  3. M. Anderson Marcelin


Category

General Information

Phone: +1 613-302-0665



Likes: 477

Reviews

Add review



Facebook Blog

M. Anderson Marcelin 20.02.2021

A chaque fois que tu tombes ramasse quelque chose

M. Anderson Marcelin 05.02.2021

Du n’importe quoi Mr Matin Boot j’ai bien lu et pris connaissance de votre communiquée de presse, et malheureusement j’ai pas les mots les plus significatifs en français pour décrire mon mécontentement a l’égard de votre fameux compagnie qui est la Digicel. Se pou sa mw swete fini sa mw anvi diw la nan lang zansèt yo te kreye kite pou nou ki se pitit tè sa a kote ou enplante konpayiw la.... Sou baz ou chwazi pou ogmante pri sèvis ou yo montrem klè ke ou vin piye menm jan avèk akolit ou yo ki pa janm deside sou dwa konsomatè a. Saw enpòte pou sèvis wap vann pèp la? Eske ou gen yon bato siyal ou achte chak mwa? Si wiou ka akomode pri yo an fonksyon de konbyen sa koutew nan fè debaksyon gwo kontenè sinyal ou fè antre sou pò yo chak tan fok ou rantre saw depanse a se sa ki envesti a mkonprann pati sa a. Men si se non kotew bare ak ide ogmante pri sèvis la? Paske peyi a nan kriz nan enflasyon sa akoz kisa menm? Ou gen yon konpayi ak yon sèvè kap pwodwi sou plas, mpa wè pouki ajiste pri yo pou yo rive nan nivo dola ameriken an non mw. Moun kap ht minit yo saw vle di yo la menm? Sinyal yo te konn jwenn nan se pa menm sinyal la se yon sinyal ou al achte chak mwa, pwiske se pa menm sinyal la sa vle di 1 minit sinyal sa a koulye a vo 2 fwa sinyal avan an. Kontinye fè malpwopte nou kontinye pase pèp la nan ma labou santi jan nou vle sèlman sonje gen yon jou kap pou li. Poukisa nap fè malere sa a dabò e avan tout bagay eske ou te wè ak Konatèl? Ou konnen byen se yo ki pou baw dwa sa epi leta pa ka jwe an defavè popilasyon an pou ou. Ki donk se desizyonw pèsonèlman paske nouvo sinyal ou a pi efikas ke jamè. Dwa konsomatè a ap fikse yon jou kanmenm sou stabilite yon pri pou sèvis wap vann nan e se leta ki gen pou definil. Kontinye fè tenten nou jan nou vle men se pa tout moun ki mechan tankou nou nan peyi a. Mèsi! Anderson Marcelin.

M. Anderson Marcelin 30.01.2021

Sa patnè a di a deranje nou epi li nan kote blanch ki kraze a toujou (sa yo rele palè a) li deranje nou anpil ak sa li di yo ? ki lè nap bati Repiblik federal la pou retire tout pouvwa sa yo nan men yo? Mpa endinye paske mw pa wè nou vle byenèt nou vreman si nou te vle viv tankou moun nou tap konn sa pou nou fè. Giyòm-Sam jiyè 1915 se pèp la ki te touyel sou pouvwa pou byenèt yo.... Nap kontinye gade yo kap ba nou salami toujou Nou pa pran sant santi ma labou mizè fatra chomaj la ? Nou reziye nou? Èske pwovèb nou yo koupab oubyen kontribye nan inyorans nou? nap bouche nen nou pou nou bwè dlo santi Ki lè nap vomi yo? Lach pa gen etikèt revolisyonè sanble nan pwen nan nou ki soti nan ADN youn nan zansèt yo vre! Sanble 1803 ak 1804 se devinèt se pa bon istwa sanble se blag pou fè bb dòmi (reziye menm si sa pa bon) mpa anvi tande blag sa a ankò Ki lè nap fè tankou zansèt yo batay pou nou viv tankou moun? Lè sa map kwè tout bon li nan ADN nou map fyè poum repete nou se nasyon ki kreye libète a tout bon. 21/07/2020 M.Anderson Marcelin

M. Anderson Marcelin 27.01.2021

Do you guys understand the meaning of it?

M. Anderson Marcelin 10.01.2021

Ne confie pas tes espoirs et tes rêves à tout le monde. M. Anderson Marcelin